Vyolans ak Diskriminasyon ki baze sou Sèks

Nan mond lan, majorite travayè ki pwodwi rad nan faktori yo se fanm. Travayè fanm sa yo fè fas ak anpil lòt pwoblèm anplis de pwoblèm ke tout travayè sibi. Pa egzanp, nan efò pou evite depans ak benefis legal ki gen pou wè ak gwosès, manadjè faktori yo souvan revoke travayè fanm ki ansent. Yo pafwa menm fòse tout travayè fanm fè tès gwosès anvan yo anplwaye yo. Menm si yo kite fanm ansent yo kontinye travay dè fwa, manadjè faktori yo souvan refize yo benefis ki obligatwa daprè lalwa nasyonal, tankou konje matènite, gadri, ak tan pou bay pitit yo tete.

Travayè fanm yo fè fas tou ak asèlman seksyèl epi ak anpil lòt nan men manadjè yo. Epi yo riske revoke yo si travayè yo ta refize avans seksyèl sa yo, oswa rapòte asèlman sa yo bay siperyè manadjè sa yo. Paske pifò travayè faktori yo se fanm, epi paske pifò manadjè yo se gason, abi vèbal ke travayè fannm sa yo sibi vin souvan yon jan seksyèl de nati. Manadjè yo souvan ensilte fanm yo ak jouman seksyèl.

Vyolans ak abi seksyèl sa yo pa fèt san rezon: risk vyolans ak abi seksyèl yo souvan fèt epi ogmante akoz travayè yo pa ka gen pouvwa pou yo egzèse dwa yo, ki se pou yo negosye ak òganize tèt yo kolektivman.

WRC konbat kont diskriminasyon ak asèlman seksyèl pa reponn ak epi pa dokimante vyolasyon kont dwa fanm yo. Epi WRC fè presyon sou gwo mak rad yo ak pwopriyetè faktori yo pou asire ke founisè yo sispann nenpòt pratik diskriminasyon ki baze sou sèks oswa asèlman ak abi seksyèl.

Akò Obligatwa pou Konbat Vyolans ak arasman ki Baze sou Sèks

Nien Hsing (Lesto)

Dat ki te 15 out 2019, yon seri akò trè enpòtan te siyen ant dirijan gwo mak rad nan mond lan, kowalisyon travayè sendika ak defansè dwa fanm epi ak yon faktori ke yi Nien Hsing, youn nan pi gwo pwodiktè jeans abako nan mond lan, pou konbat vyolans ki baze sou sèks ak asèlman ak abi seksyèl nan Lesoto.

Akò yo te etabli Workers' Rights Watch, yon òganizasyon envestigasyon endepandan, ki gen responsablite pou mennen ankèt sou akizasyon vyolans ak asèlman ki baze sou sèks nan tou faktori ke Nien Hsing posede nan Lesoto, epi li te redije aksyon korektif espesifik ki ka rive jiska revokasyon si yon travayè oubyen manadjè ta vyole kòd kondwit sa yo. Akò yo te etabli yon lin enfòmasyon telfonik gratis—lin telefonik sa a dirije pa yon òganizasyon dwa fanm, nan yon fason pou travayè fanm yo ka aprann plis sou pwogram nan epi rapòte ensidan vyolans ak asèlman ki baze sou sèks san danje epi san yo pa pè reprizay. Akò yo te etabli tou yon pwogram edikasyon konsyantizasyon ki gen ladanl yon atelye fòmasyon pou 2 jou kote moun pale ak fòme travayè sou vyolans ak ak asèlman seksyèl, kòd de kondwit pwogram nan, epi fason pou travayè yo rapòte vyolans ki baze sou sèks pou tout an anplwaye ki travay pou Nien Hsing. Nan yon fason pou rekonèt enpòtans wòl ak kapasite travayè yo pou yo aji kolektivman pou pwoteje dwa yo nan, epi chanje abi ki baze sou sèks, akò a tou mete sou pye yon pwogram pou pwoteje dwa asosyasyon travayè yo nan faktori yo. Epi akò entèdi nenpòt fòm ak pratik anti-sendika oswa entèferans ki ta pa intèdi travayè yo egzèse dwa pou yo òganize kòm travayè.

Jan sa te endike nan rapò piblik ki te pibliye nan ane 2023 a, akò sa yo te pèmèt travayè yo reyalize yon chanjman fondamantal nan Nien Hsing. Apa de Lesoto, akò sa yo vini kòm yon presedan vital nan batay kont vyolans ak asèlman seksyèl. ki baze sou sèks andedan faktori nan mond lan.

The-Lesotho-5

Natchi Apparel (Peyi Zend)

Nan mwa Janvye 2021, yon sipèvizè gason te touye yon jèn travayè fanm nan faktori Natchi Apparel ki sityel nan peyi Zend. Natchi te genyen kliyan tankou H&M, Authentic Brands, Walmart, ak Marks & Spencer. Lokal faktori Natchi Apparel te Sitiye yo nan “Tamil Nadu”, yon eta kote kliyan oubyen konpayi ki achte rad yo rekonèt ke gen anpil vyolans ak asèlman seksyèl kont fanm. Aprè asasina a reprezantan travayè yo ak yon gwoup defans entènasyonal te lanse yon efò atravè mond lan pou ekspoze reyalite abizif sa yo nan Natchi epi pou te mande yon chanjman. Mouvman sa a te kondwi pa kèk òganizayon dwa travay tankou: Tamil Nadu Textile and Common Labour Union (TTCU), Asia Floor Wage Alliance (AFWA) ak Global Labor Justice (GLJ). Sou demann ansanm òganizasyon sa yo, epi demann kèk mak rad ki te gen enterè nan faktori ki nan eta sa, WRC te mennen yon ankèt sou vyolans ak asèlman seksyèl ki te genyen nan faktori sa a. Ankèt nou an te idantifye ke te genyen yon atmosfè de vyolans ak asèlman seksyèl nan faktori a. Nan atmosfè sa a, nou te idantifye 2 lòt ka kote lanmò vyolant 2 travayè fanm te “parèt lye” ak move kondisyon travay nan faktori a.

Aprè nou te fini envestigason konsènan de atmosfè voyalans ki te gen nan faktori Natchi yo, WRC te kontakte ak voye yon rapò bay tout aktè ki te gen enterè nan faktori sa a, epi nou te dakò pou sispann piblikasyon rapò sa a piblikman pou te pèmèt negosiyasyon kontinye ant diferan aktè ak intans ki konsène yo pou yo te ka mete sou pye yon akò obligatwa pou pwoteje dezomè dwa tout travayè yo nan Natchi. Nan mwa ki te Avril 2022, TTCU, AFWA, GLJ-ILRF; pwopriyetè faktori a, ak H&M te anonse akò sa a. Akò a te etabli yon pwogram solid ki landan fòmasyon, ak prezantasyon otonomite travayè pou ka geyen envestigasyon ki efikas, san patipri ak ratrapaj plent travayè yo lè yo fè yon akizayon de vyolans ak asèlman seksyèl kont kèk man nan faktori a.Reprezantan travayè ap jwe yon wòl santral nan pwogram ke yo te etabli a. Epi li obligtwa pou pwopriyetè faktori pran agajman pou respekte kondisyon obligatwa akò a pou faktori a mentni kontral ak H&M ke li genyen pou plizyè ane.

Envestigason WRC te fè sou dosye sa a pou te indantifye abi sa yo, epi akò ki te vin siyen aprè sa pou konbat ak elimine abi sa yo te sijè ak yon ekspoze nan yon atik pwofon ki te pibliye nan yon jounal ke yo rele Guardian ki sityel nan peyi wayòm ini.

Nan endistri rad global kote vyolans ak asèlman ki baze sou sèks gaye toupatou, akò sa yo reprezante yon angajman obligatwa pa pwopriyetè faktori yo, reprezantan mak rad yo epi reprezantan travayè pou pwoteje mendèv oubyen travayè yo kont move abi. Etandone prevalans vyolans ak abi seksyèl nan chèn apwovizyonman rad yo, endikatè ki pi enpòtan nan responsablite antrepriz la se pa si pwoblèm sa a egziste nan yon konpayi, men li se pito si konpayi an ak achtè li yo ap chèche mwayen ki solid ak inovativ pou rezoud pwoblèm sa yo . Poun bayo kredi, pwopriyetè H&M ak Natchi an patenarya ak reprezantan travayè yo ap chache mwaen pou fè sa.