Akò Entènasyonal sou Sekirite Batiman yo

Bangladèch se katriyèm pi gwo ekspòtatè rad a peyi Etazini. Sektè rad li a reprezante 80% ekspòtasyon peyi a, epi sektè rad la anplwaye plis pase 3.5 milyon travayè. Travayè sa yo fè fas ak youn nan pi move kondisyon travay nan endistri rad nan mond lan. Kondisyon sa yo gen ladan yo; salè ki ba, arasman vèbal ak fizik, reprizay lè travayè yo mande pi bon kondisyon travay, epi kondisyon ki trè danjere nan bilding faktori yo.

Komanse ane ki te 2005 kondisyon danjere nan faktori sa yo touye prèske 2,000 travayè nan peyi Bangladèch. Dife ak lòt katastwòf te lakoz pa move strikti konstriksyon bilding faktori sa yo. Nou te ka epanye tout katastwòf sa yo si te gen bon enspeksyon bilding sa yo. Pa egzanp, nan mwa ki te Avril 2013, 1,134 travayè te mouri nan yon faktori nan peyi Bangladèch lè yon bilding nan yon faktori ke yo rele Rana Plaza te tonbe. Aksidan sa a se te pi gwo dezas mòtèl nan istwa endistri rad nan mond lan. Faktori nan Rana Plaza yo tap pwodwi pou plizyè gwo mak rad ak machann rad, tankou JCPenney, The Children’s Place, epi Walmart. Anpil nan konpayi sa yo te fè esnpeksyon bilding faktori kèk mwa avan nan efondreman bilding nan; menspeksyon sa yo te echwe idantifye ak korije vyolasyon sekiritè striktirèl ki te mennen a dezas sa a.

Yon Nouvo Modèl

Lè Rana Plaza te efondre an 2013 WRC te deja ap travay pou plizyè ane pou konsyantize mak rad yo pou chanje apwòch yo konsènan risk dife ak sekirite bilding faktori yo nan Bangladèch. Se te yon fason pou te mete nan lòd ak pote amelyorasyon sekirite a bilding faktori ki ap pwodwi rad pou yo a. Move près piblik kont konpayi ki achte rad nan faktori Rana Plaza yo te fòse mak rad yo tounen sou tab negosyasyon an avèk nou. Akoz de kataswòf sa a, WRC ak alye li yo te finalman reyisi konvenk mak rad yo pou yo siyen yon akò obligatwa ki rele: Akò Istorik sou Sekirite Konstriksyon ak Dife nan Bangladèch. Akò sa a se te premye akò modèn legal epi obligatwa ant travayè, manadjè faktori,epi konpayi mak rad yo ki mande pou mak rad ak machann rad:

  • Ouvè faktori yo ak yon enspeksyon ki konplètman endepandan a enjenyè ak ekspè ki kalifye pou sa.
  • Pèmèt ke rezilta enspeksyon sa yo rapòte piblikman, epi valab nan yon baz done kote moun ka fè rechèch.
  • Ede peye pou renovasyon konstriksyon sekiritè ki esansyèl.
  • Sispann fè biznis komèsyal ak nenpòt faktori ki pa fè reparasyon konstriksyon ki nesesè pou sekirite travayè yo nan faktori a.

Anplis de sa, akò a souliye yon mekanis plent kote travayè yo ka rapòte vyolasyon sekiritè biding nan faktori yo. Akò gen ladanl tou yon mekanis ranfòsman kote yo ka mennen aksyon legal kont tout faktori siyatè ki pa konfòme yo.

Akò sa a reprezante yon chanjman fondamantal nan fason faktori yo adrese vyolasyon sekirite konstriksyon nan faktori ki ap fè rad yo. Pwogram volontè ki te dirije pa gwo kòporasyon yo te manke mekanis ranfòsman ak transparans. Daprè akò sa a mak rad ak machann rad yo legalman responsab pou asire travayè yo ki fè rad yo travay nan kondisyon ki an sekirite.

Akò Kounye a

Prèske 200 mak rad ak machann rad te siyen akò nan ane 2018. Akò orijinal la te pwolonje pou twa ane anplis. Mak rad ki se siyatè yo enkli twa nan kat pi gwo mak ak machan rad nan mond
La ki se: H&M, Inditex, ak UNIQLO. Ansanm, mak sa yo achete nan men plis pase 1,600 faktori nan Bangladèch, ki anplwaye plis pase 2 milyon travayè.

Enspeksyon nan faktori sa yo te dekouvri prèske 130,000 vyolasyon kontriksyon, soti nan domaj striktirèl rive nan move wout ki pa byen bati pou sove lavi travayè yo si ta gen dife. Nan moman sa a, majorite danje sekirite sa yo gen tan ranje.

Nan dat ki te premye Jen 2020, biwo akò Bangladèch la te tranzisyone fonksyon li yo ak yon òganizasyon lokal ki fèk etabli. Yo rele òganizasyon sa a, Ready-Made-Garment Sustainability Council (RSC). Malgre ke yo etabli RSC, sa pa vle li ap ranplase aplikasyon pwogram sekirite konsenan konnstrisyon ki te preskri nan dènye akò ki te siyen an. Obligasyon mak rad yo anba akò a tojou rete an vigè epi yo pap chanje jiskaske ke akò a ekspire nan dat ki ap 31 Out 2021—aprè konklizyon yon twa mwa ekstansyon.

Sendika ak defansè dwa travayè yo te pwopoze yon akò obligatwa ki pou siksede ak kontinye menm modèl akò Bangladèch la-kote li te evite dè santèn, pwobableman dè milye de lanmò travayè kote anpil faktori te bezwen renovasyon—epi elaji modèl la nan lòt peyi tankou Pakistan kote rad, epi lavi travayè yo tojou an danje.

Siksè ak bon rezilta negosyasyon ki te fèt nan ane 2021 an te asire ke gwo pwogrè akò a te bay nan Bangladèch kontinye epi toujou pwolonje. Nouvo akò entènasyonal sekirite konsenan konstriksyon pou 26 mwa a ki te antre an aplikasyon nan dat ki te 1 Septanm 2021 nan ap kenbe menm eleman enpòtan ki te nan modèl revolisyonè ki te etabli pa akò Bangladèch la. Li genyen ladanl angajman legal epi ekzijib mak yo, sipèvizyon endepandan pou detèmine konfòmite mak yo, obligasyon pou peye yon frè bay faktori ki founise rad yo pou sipòte ke espas travay yo byen sekirize, epi obligasyon pou sispann fè biznis ak nenpòt faktori ki refize opere san danje striktirèl batiman yo. Modèl sa a, ki te sove lavi plizyè moun nan Bangladèch, pral tou elaji nan lòt peyi kote lavi travayè faktori yo tojou an risk. Plis pase 170 konpayi rad te siyen nouvo Akò Entènasyonal pou Sante ak Sekirite nan Endistri Twal ak Rad.

Wòl WRC

WRC kontinye jwe yon wòl enpòtan nan aplikasyon ak ranfòsman akò a. Antanke yon temwen siyatè nan Komite Direktwa akò a, WRC travay ak manm komite direktwa yo pou asire ke prensip akò ap egzekite byen, epi ke enspeksyon ak reparasyon batiman faktori yo fèt a lè.