Kesyon moun souvan poze

Ki jan òganizasyon Worker Rights Consortium (WRC) an te kòmanse?

Nan ane 1998, etidyan, pwofesè, ak lòt manm inivèsite nan peyi Etazini te reyalize ke anpil faktori ki pwodwi rad ki pote logo inivèsite yo a pat respekte dwa travayè ki pwodwi rad sa yo.Vann ak achte rad inivèsite se yon gwo biznis nan peyi Etazini. Lè aktè ki andedan inivèsite sa yo aprann ke dwa travayè ki pwodwi rad inivèsite yo souvan pa respekte, sa te vin konsène yo anpil. Pou konbat pwoblèm sa yo, aktè konsène ki andedan inivèsite yo te mete sou pye epi mande aplikasyon kèk kòd kondwit debaz ki respekte dwa travayè nan faktori ki pwodwi rad pouyo. WRC, kòm yon òganizasyon, te kreye pou asire ke kòd kondwit sa yo respekte. Entansyon kreyasyon òganizasyon an se pou sipòte travayè yo lè yo ap chèche fason pou amelyore kondisyon travay nan faktori yo.Pou ke faktori yo konfòme yo ak kòd kòd kondwit sa yo. WRC responsab pou mennen ankèt sou kondisyon travay nan faktori yo, pibliye rapò sou envestigasyon sa yo, epi chèche metòd pou amelyore kondisyon yo si yo ta jwenn vyolasyon kòd kondwit ke inivèsite yo mande a faktori yo pou yo respekte.

WRC te kreye pa yon kowalisyon ekspè Ameriken ki travay sou dosye dwa imen ak travay. Te genyen tou patisipasyon pwofesè inivèsite ak etidyan inivèsite yo nan kreyasyon òganizasyon an. Anplis de sa te genyen konsiltasyon moun ki soti nan mouvman dwa travay ak imen ki soti nan kontinan Amerik Santral ak Azi. Pou transparans ak bon fonksyonman òganizasyon an, nou te mete sou peye yon konsèy direktwa konsiltatif ki konpoze de ekspè nan dwa imen ak dwa travayè pougide òganizasyon.

 

Ki jan WRC mennen envestigasyonl yo?

Envestigasyon WRC yo enkli entèvyou ak travayè swa deyò faktori a, lakay yo, oswa lòt kote ke travayè yo konfòtab.WRC pa fwa rantre an kominikasyon ak administratè faktori yo, manb gouvènman ki konsène, oswa enspektè travay nan peyi a. Nou konsilte tou reprezantan sendika yo, akademsiyen, avoka travayè, ak lòt moun ki ka ede nan pwosesis envestigasyon yo.Si jeran travay yo pèmèt sa, WRC pran mezi pou fè enspeksyon nan faktori yo. Aprè sa, WRC analize tout done ak entèvyou li konpile yo epi answit fè yon konklizyon konsènan konfòmite faktori a a kòd kondwit ke katori yo dwe swiv yo. Lè nou idantifye vyolasyon kòd kondwit nan faktori yo WRC rekòmande aksyon korektif. Nou pibliye tou yon rapò ofisyèl Ozetazini an Anglè epi nan kèk ka, nan lang peyi kote yo te jwenn vyolasyon kòd kondwit yo.

WRC a pa kwè ke sèlman kèk jou sifi pou menmen yon ankèt epi fè yon konklizyon definitif konsènan cpwoblèm ki gen pou wè ak aderans faktori yo ak kòd kondwit yo.Pou rezon sa a envestigasyon yo priyorize pwoblèm ke travayè yo souliye pou tèt pa yo oswa pa lòt moun ki gen konesans de pwoblèm sa yo nan faktori a.

WRC ofri pwogram edikasyon pou travayè yo sou dwa travay. Nou ka jwenn pwogram sa yo nan kòd kondwit inivèsite Amerik di Nò yo.Objektif nou se pou kreye yon mekanis ke travayè yo ka itilize pou pote plent sou vyolasyon kòd kondwit atravè òganizasyon lokal yo oubyen pote plent sa yo dirèkteman bay WRC. Nou konnen ke li pa posib pou yon òganizasyon siveyans tjou nan chak faktori chal chak jou nan ane a. Se pou rezon sa a WRC kwè ke pi bon fason pou asire ke kòd kondwit yo respekte gen pou wè ak fòmasyon travayè sou dwa travay yo, pou yo monite pout tèt pa yo si kòd kondwit yo pa respekte.

WRC pwomèt ojektivite san patipri an envestigasyonl yo. Anplis de sa, WRC vle sèvi kòm yon sous de enfòmasyon pou nenpòt moun ki enterese a aprann plis de kondisyon faktori ki pwodwi rad pou inivèsite an Amerik di Nò yo.

 

Kijan WRC Chwazi ki Envestigasyon ke li dwe menmen?

WRC mennen yon ankèt sou yon faktori si li resevwa yon plent dirèkteman nan men yon travayè oswa sin jwenn vyolasyon nan envestigasyon moun menmen nan faktori yo.

Lè WRC resevwa yon plent nan men yon travayè nan yon faktori ki pwodwi rad pou youn inivèsite afilye yo, nou konsidere faktè sa yo poun deside si nap lanse yon ankèt ofisyèl: Yo se gravite vyolasyon dwa travayè yo, opinyon òganizasyon lokal yo de vyolasyon an, kredibilite plent lan ak kantite inivèsite ki afilye ak WRC ki afekte de vyolasyon sa a.

WRC ka inisye yon envestigasyon ex officio (sa vle di envestigasyon ki pa bezwen deklanche pa yon travayè ) nan sèten sikonstans espesifik. Pa egzanp si nou jwenn enfòmasyon nan men yon òganizasyon lokal ki fè nou konnen ke genyen pwoblèm grav nan yon faktori ki pwodwi anpil rad pou inivèsite ki afilye avek WRC yo, ke nou pat okouran de yo.

 

Pou kisa WRC seman entèrese a kèk faktori epi li pa entèrese a lòt?

WRC vle ke dwa travayè yo respekte nan tout faktori, men se sèlman nan faktori ki pwodwi rad pou inivèsite ki afilye avèk nou yo ke nou genyen pouvwa pou mande chanjman ak aksyon korektif lè gen yon vyolasyon kòd kondwit yo. Espwa nou se pou WRC amelyore kondisyon travay nan faktori ki pwodwi rad pou inivèsite yo; epi nou swete ke chanjman nou yo sèvi kòm yon egzanp pozitif pou lòt faktori yo.

 

Ki kote lis faktori ki pwodwi pou inivèsite yo soti?

Inivèsite ki afilye ak WRC mande machann rad yo (konpayi ki genyen kontra ak inivèsite yo pou pwodwi rad ki gen logo inivèsite yo) pou bay yon lis tout faktori ki pwodwi rad ak lòt ekipman yo pwodwi pou inivèsite afilye yo. Baze sou enfòmasyon sa yo, WRC kreye yon lis konplè de tout faktori ki pwodwi rad pou inivèsite afilye yo, epi nou liste adrès chak faktori sa yo.

 

Eske gen kèk mak, achtè ak machann rad ki koupe kontra yo genyen ak faktori sa yo si WRC jwenn vylasyon nan faktori yo?

WRC toujou sijere ke konpayi miltinasyonal yo oubyen machann rad yo fè yon efò pou rete nan faktori yo epi an menm tan devlope mekanis pou amelyore kondisyon travay nan faktori yo. WRC kwè si yon konpayi sèlman koupe kontra li ak yon faktori, epi li kouri ale nan yon lòt faktori, sa pap satisfè responsablite ke li genyen pou fè respekte dwa travayè yo. Pa egzanp nan ka faktori Kukdong nan peyi Meksik, WRC te fòse Nike rete nan yon faktori epi eseye amelyore kondisyon travay nan faktori a. Nike te aksepte rekòmandasyon WRC an.

 

Èske rezilta envestigasyon WRC yo tojou disponib a piblik la?

Wi. Tout rapò bou yo pibliye piblikman, epi kèk nan yo tradwi nan lang lokal kote envestigasyon te fèt la. Li enpòtan poun mete aksan ke idantite travayè ki te pote plent oswa ki patisipe nan Entèvyou pou envestigasyon yo rete konplètman konfidansyèl nan rapò piblik sa yo.

 

Èske gen twòp kòd de kondwit? Ki jan travayè yo ak alye yo ka konnen dwa aktyèl yo anba plizyè kòd kondwit sa yo?

Se vre ke gen anpil kòd de kondwit, e sa ka lakòz anpil konfizyon. Men, anpil nan kòd kondwit yo sanble. Pi fò nan kòd kondwit yo pran kòm referans estanda lwa entènasyonal ak nasyonal peyi ke faktori yo ap fonksyone yo. Kòd sa yo gen pou wè a salè minimòm, èdtan travay, libète asosiyasyon ak kontra kolektif, anti-diskriminasyon, dwa fanm, epi elatriye. Yon travayè ki fè yon plent konsènan nenpòt lwa nasyonal oswa entènasyonal, oswa yon dispozisyon patikilye de kòd konwit yo ap gen chans pou gen yon plent ki lejitim.

 

Ki jan sistèm gouvènans WRC a fonksyone?

WRC gen yon konsèy direktwa konsiltatif de 18 manm. Konsèye sa yo gen ladanl sis(6) reprezantan administratè inivèsite, sis(6) reprezantan ki nan òganizasyon etidyan ke yo rele United Students Against Sweatshops (USAS), epi sis(6) reprezantan ki se ekspè nan dwa travay.

 

Kijan WRC finansye travay li yo?

Apeprè 65% finansman WRC soti nan frè afilyasyon inivèsite yo, 25% soti nan sibvansyon federal ak donasyon kèk fondasyon non-gouvènmantal, epi rès fon nou yo soti nan men finansye invidyèl ak patnè ke WRC fè travay siveyans oubyen envestigasyon pou yo.

 

Ki relasyon ki genyen antre WRC ak Sendika yo?

WRC se yon òganizasyon ki mennen ankèt sou kondisyon travay nan faktori yo. Nou se pa reprezantan travayè yo. Wòl WRC jwe pa kapab, epi pa dwe ranplase wòl sendika ki reprezante travayè yo. WRC konplètman sipòte dwa travayè yo pou fòme pwòp sendika pa yo, ak dwa pou yo negosye kontra kolektif jan yo vle nan fason ki endepandan de WRC. WRC rekonèt ke sendika yo esansyèl pou fè chanjman reyèl alontèm. Epitou, WRC kwè ke sendika yo se yon sous enfòmasyon enpòtan sou kondisyon travay nan faktori yo. Travay WRC se pou konstwi yon relasyon ak sendika nan nenpòt peyi ki gen faktori ki travay pou inivèsite afilye yo sou yon vwa devlopman ki benefisye tout moun mityèlman.